|
Anons Pou Inogirasyon Pawas Sent Antwàn Fondwa
Vandredi 16 Mas 2007 a 9 :00 a.m
Achidyosèz Pòtoprens ansanm ak Kominote Kretyèn Fondwa a
Ansanm ak Pè Obla yo e ak Pè Ispiriten yo
Envite n nan inogirasyon nouvo Pawas Sent Antwàn Fondwa
K ap selebre Vandredi 16 Mas 2007 a 9 :00 nan maten
Pa Mgr. Joseph Serge Miot, Achevèk Pòtoprens la.
Nouvo Kire a, Pè Real Corriveau ansanm ak tout lòt Reponsab Nouvo Pawas la
Konte anpil sou lapriyè n ak solidarite n.
Rapò Rankont Ant Mgr. Joseph Serge Miot, Achevèk Pòtoprens
Ak Kire Vwazen Nouvo Pawas Sent Antwàn Fondwa yo
6 Fevriye 2007
Nan Sant APF Fondwa
 |
Bi Rankont la se : Kreyasyon Ofisyèl Pawas Sent Antwàn Fondwa Ak Limit Nouvo Pawas la
Rankont sa a te fèt nan Sant APF Fondwa a. Li te kòmanse a 10 :30 a.m ak 12 Patisipan epi li te fini a 12 :40 p.m. Moun ki te patisipe nan rankont lan se :
1) Mgr. Serge Miot, Achevèk Pòtoprens
2) Mgr. Charles Benoit, Vikè Jeneral Achidyosèz Pòtoprens e Responsab Dosye Fondasyon Nouvo Pawas yo
3) P. Ronald Flervil ( Kire Pawas Bosejou)
4) P. Mara Guirand ( Kire Pawas Leyogàn)
5) P. Gabriel Blot ( Kire Pawas Kafou Difò)
6) P. Paul Janvier ( Kire Pawas Sen Michèl, Kòk Chant , Dyosèz Jakmèl)
7) Frè Olizard Pranius ( Siperyè Ti Frè Sent Terèz yo, nan Palmistaven e Responsab Chapèl Sen Pyè)
8) P. Joseph Philippe ( Reprezantan Ispiriten yo)
12) Manm Konsèy Ti Sè Sent Antwàn Fondwa yo
a) Sr. Marie Simone Achille, Siperyè Kominote a
b) Sr. Marie-Carmelle Voltaire, Responsab Fòmasyon
c) Sr. Claudette Prévot, Ekonòm
d) S. Mélicia Saingélus, Manm
NB. Pè Louiders, Kire Twen an, te voye eskize l. Pè Obla yo te gen yon anpechman, yo te rele P. Paul Janvier pou mande n eskize yo e pou fè n konnen, yo toujou pare pou ede Monsyè Miot jere nouvo Pawas la. Se Pè Joe Réal Corriveau k ap jwe wòl Kire Fondatè Nouvo Pawas la.
Ouvèti Rankont la : Mgr. Miot te ouvè rankont la ak yon chante sou Lespri Sen e ak yon lapriyè
Pwen nou te diskite, se : |
 |
Zòn lan gen yon Asosyasyon peyizan k ap travay ladan l depi 1988 (APF).
Kounye a, gen dlo plizyè kote menm nan lakou Presbitè a. Gen yon Òfelina ki gen 54 timoun ladann. Gen 2 nan timoun sa yo ki nan Inivèsie kounye a: youn ap etidye Agwonomi nan Kiba, lòt la ap et
-
Prezantasyon Patisipan yo
-
Entwodiksyon Mgr. Miot
-
Istwa Fondwa ak Chapèl Sent Antwàn Fondwa depi 1912 / Travay APF ap fè nan zòn lan depi 1988
-
Yon ti rale sou demann Mgr. Miot te fè Obla yo ak Ispiriten yo pou ede l jere Nouvo Pawas la
-
Kesyon / Kòmantè Ak Desizyon Ofisyèl pou kreye nouvo Pawas Fondwa a
-
Limit / konfigirasyon jeyografik nouvo Pawas la
-
Preparasyon ak sijesyon dat pou inogirasyon nouvo Pawas la
-
Kloti rankont la.
1) Entwodiksyon Mgr. Miot sou sikonstans ki reyini n jodi a
nan lespi nouvèl evanjelizasyon an, li nesesè pou Legliz la prezan tout kote nan peyi a depi n gen posiblite fè sa. Menm si gen difikilte, nou gen espwa ansanm nou kab jwenn solisyon pou pwoblèm yo. |
 |
Li enpòtan nan Achidyosèz la, pou Relijye yo travay ansanm pou pote Bon Nouvèl la bay moun pòv yo. Espesyalman, pou n fè pwomosyon moun yo bliye nan sosyete nou an, tankou peyizan yo. Depi kèk tan, mwen te ankouraje Relijye yo, pou yo kòmanse fè òdinasyon ansanm nan Achidyosèz la. Mwen byen kontan wè sa mache. Kounye a, Relijye yo bezwen fè plis pase sa, yo dwe pote Bon Nouvèl la ansanm bay moun pòv yo. Mwen byen kontan Nouvo Pawas Fondwa a pral pèmèt nou kòmanse fè sa, kote 2 Kominote Relijyez pral travay ansanm nan yon sèl Pwojè pou avansman Legliz la. Se yon chans pou yon zòn tankou Fondwa, lè l vin tounen Pawas. Nou te gen pwojè fonde 20 nouvo Pawas nan Achidyosèz la, kounye a nou deja rive sou 67. Se yon gwo gras Bondye fè nou. Nou di Bondye mèsi pou sa.
2) Istwa Fondwa ak Chapèl Sent Antwàn Fondwa depi 1912 / Travay APF ap fè nan zòn lan depi 1988
Dapre yon manm nan Komite Chapèl Fondwa a, « Chapèl sa a te kòmanse an
1912 nan peryòd premye gè mondyal ». Chapèl la te depann de Pawas Leyogàn e an 1996 li te vin depann de Bosejou apre kreyasyon Pawas Bosejou a. Yon moun ki soti Fondwa bezwen mache anviwon 4rèd tan pou l rive Bosejou. Gen 4 Pè ki soti nan zòn lan. Depi 1996, gen yon Kominote Mè ki fonde nan zòn lan, se Ti Sè Sent Antwàn Fondwa yo.
idye Jesyon nan Inèvèsite Fondwa. Gen yon Lekòl nan zòn lan ki gen anviwon 750 timoun. Li gen twa seksyon: Matènèl, Primè ak Segondè. Gen yon Klinik nan Zòn lan. Gen anpil travay rebwazman ki fèt. Gen plizyè ti forè APF fè nan Zòn lan. Gen menm yon ti forè kote Monseyè Miot te patisipe nan plante pye bwa ladan l. An 2004, APF mete yon Inivèsite nan Zòn lan ( Inivèsite Fondwa 20040) kote Jèn soti plizyè kote nan peyi a, vin resevwa fòmasyon nan Agwonomi, Medsin Veterinè ak nan Jesyon epi lè yo fini pou yo retounen al travay lakay yo nan devlopman dirab. |
Nan etidyan Inivèsite Fondwa yo, gen yon ti Frè Enkanasyon k ap etidye Agwonomi. Se posib pou pita nou genyen Ti Frè ak Ti sè Sent Terèz ki vin etidye nan Inivèsite a tou.
Anpil nan Etidyan UNIF yo, se ansyen responsab Koral ak ansyen Responsab Komite Litiji ki soti nan plizyè Pawas nan peyi a. Gen ladan yo ki al fè Animasyon Litiji nan Chapèl Piton omwen 2 Dimanch pa mwa.
APF resevwa anpil vizitè etranje nan zòn lan tou. Lè yo fin vizite Fondwa, gen
plizyè ladan yo ki chwazi retounen vin travay ak APF kòm Koperan. Pou kounye a, Gen 8 Koperan etranje nan Fondwa: 5 Ameriken ak 3 Kiben. An 2005 Gen yon Pè Ispiriten Ameriken ( Pè Albert McKnight) ki vin abite nan zòn lan e ki chwazi pran retrèt li nan zòn lan. Li gen 78 an. Chak jou, li fè Mès an Kreyòl pou Mè yo. Li fè retrèt ak rekoleksyon tanzantan pou yo epi li ranrontre ak etidyan Inivèsite Fondwa yo 2 fwa pa mwa pou direksyon ispirityèl. Gen kèk fwa tou, li fè rankont ak plizyè Jèn nan zòn lan pou kèk seyans meditasyon, lapriyè ak reflkeksyon. An Janvye 2007, li te voye 4 nan Jèn sa yo al suiv yon seminè fòmasyon nan Kiba sou edikasyon popilè ak metòd patisipasyon.
Onivo Legliz la: gen plizyè gwoup nan Chapèl la : tankou Sent Famiy, Lejyonè ak
Gwoup Madan Marye. Gen youn nan Gwoup sa yo ki vin lapriyè yon fwa pa semèn nan Chapèl la. Gen lòt ki òganize jounen Jèn tanzantan nan Chapèl la. Nan sezon fò yo, nan sezon Nwèl ak Semèn Sent, Mè yo konn òganize retrèt ak rekoleksyon pou moun yo. Gen 3 Gwoup Jèn ak plizyè koral nan Chapèl la tou. Plizyè fwa pandan ane a, gwoup yo konn al vizite malad epi fè misyon nan Zòn lan. Plizyè fwa tou, yo konn akeyi lòt gwoup ki soti nan lòt Pawas vin fè misyon nan Chapèl la. Avèk pèmisyon Kire zòn lan, Pè Joseph konn fè Mès pou moun yo omwen yon fwa pa mwa. Li bay moun yo sèvis tou nan sezon Lavan ak nan Semèn Sent yo. Li konn fè maryaj ak batèm tou, lè Kire Pawas la mande l fè sa.
Chapèl la kab pran anviwon 600 moun. Men li gen kèk travay reparasyon ki pou
fèt ladan l. Tòl yo koule anpil. Nan finisman 2006 la, Fidèl yo te kotize kòb ansanm pou fè reparasyon nan nivo sa a. Depi 2001, ak pèmisyon Kire a, Fidèl yo ansanm ak Mè yo e ak plizyè lòt Zanmi Fondwa te kòmanse konstwi yon Presbitè nan Chapèl la. Travay sa poko fini. Se sèlman 2 ti chanm ki rive fèt. Gen enstalasyon latrin ijyenik ak douch nan Presbitè a. Lè Pè Kire a vini, depi kèk tan, se nan Presbitè sa a, li dòmi. Gen previzyon ki fèt pou mete yon tank dlo sou tèt kay presbitè a. Epi moun yo deja kòmanse reflechi sou jan yo kab patisipe pou ede yon Pè rive viv an pèmanans nan Zòn lan.
Zòn lan ap tann ak anpil enpasyans reyalizasyon pwojè Pawas sa a. Malgre tout
gwoup k ap travay nan Chapèl la. Nou rive konte 25 Ti Legliz Pwotestan ki fonde nan Zòn lan ak moun ki pa menm gen yon gwo nivo fòmasyon. Popilasyon an swaf anpil pou Zòn yo a vin yon Pawas. Depi kèk mwa, moun yo te dekouvri yon Gwòt nan zòn lan ki gen yon sipèfisi 3 kilomèt konsa. Li chita nan zòn Tonmgato tou pre kay etidyan gason UNIF yo. Sa vin montre pi plis, kouman nouvo Pawas la kab ede moun yo grandi pi plis nan lafwa yo. Pap manke travay pou ekip ki pral responsab la.
3) Yon ti rale sou demann Mgr. Miot te fè Obla yo ak Ispiriten yo pou ede l jere Nouvo Pawas Sent Antwàn Fondwa a :
2 Jiyè 2006, nan selebresyon òdinasyon dyakona 4 kandida dyak Obla ak yon kandida dyak Ispiriten, Monseyè Miot, te mande Obla yo ak Ispiriten yo, pou yo gade ansanm kouman yo ta kab ede l jere nouvo Pawas li pral kreye nan Fondwa a, yon fason pou plis moun nan mòn kab jwenn Levanjil la ak sèvis Legliz la pi pre yo. Nou te konsidere sa tankou yon apèl pwofetik ki te deranje n, paske sa pat nan lide n ditou. Apre sa, Obla yo ak Ispiriten yo te fè plizyè reyinyon sou Pwojè a antre yo e ak Kominote yo. Yo panse se yon pwojè ki enteresan e ki koresponn ak karis yo kòm kominote relijyez. Yo dakò pou ede Monseyè reyalize Pwojè sa a. Konsa, nou te fè yon rankont ak Monseyè nan Acheveche Pòtoprens 20 Novanm 2006 pou n di l, nou dakò e nou pare pou n ede l reyalize Pwojè sa a. Se Obla yo k ap responsab nouvo Pawas la epi Ispiriten yo ap patisipe ansanm avèk yo nan tout travay pastoral ki pral fèt nan Zòn lan. Kòm nou konnen l deja, se Pè Joseph Réal Corriveau, yon Pè Obla ki pral Kire-Fondatè nouvo Pawas la.
4) Kesyon / Kòmantè / Ak Desizyon Ofisyèl Pou Kreye Nouvo Pawas Fondwa a
Gen plizyè kesyon Pè yo te poze tankou : ki laj Pè a ? Kouman l pral fè pou l al vizite malad yo ak granmoun yo ? kouman Pè a pral rive fè travay sa a ? kouman Pè a pral fè pou l viv ? Ki estrikti ispirityèl Pè a pral mete pou ede moun yo viv lafwa yo tout bon? kouman nou pral asire n fondasyon Pawas la byen ap pati ? kouman nou pral jere Achiv Nouvo Pawas la ? kouman nou pral jere dosye lòt chapèl ki poko pare pou antre nan nouvo Pawas sa a ?
An gwo, nou te klarifye tout pwen ki te bezwen klarifye yo ansuit nou te fè yon deba sou tout kesyon k te poze yo. Apre sa, nou te pran kèk desizyon ansanm :
a. Tout Patisipan yo dakò ak Monseyè pou kreye nouvo Pawas Fondwa a
b. Pou nouvo Pawas la kòmanse ak zòn ki pare pou antre nan Pwojè sa a
c. Pou Kire nouvo Pawas la al rankontre ak Kire lòt Chapèl ki poko pare yo ansanm ak kèk Responsab Chapèl sa yo ( nou pale plis pou Piton ak Sen Pyè) anvan nou pran yon dènye desizyon sou entegrasyon yo.
d. Pou Nouvo Kire Pawas la rankontre ak Kire Twen an pou gade si l ta dakò pou Chapèl Sen Jan Bosko ( Ka Lavach) antre nan pwojè Pawas Fondwa a
e. Pou Kire nouvo Pawas Fondwa a rankontre ak Kire Bosejou a pou l kab resevwa Rejis Ansyen Chapèl Fondwa a
f. Pou Kire Pawas Fondwa a achte kèk Rejis ( batèm ak maryaj) epi pou l rankontre ak Ansyen Kire yo ( Leyogàn ak Bosejou) yon fason pou l kab òganize Achiv nouvo Pawas la.
g. Pou chak Zòn yo voye delegasyon yo nan inogirasyon Nouvo Pawas Fondwa a
h. Pou kire Vwazen yo rankontre ansanm omwen yon fwa pa ane pou pataje ansanm sou esperyans y ap fè nan Pawas yo a.
5) Limit / Konfigirasyon Jeyografik Nouvo Pawas Fondwa :
Annatandan nou jwenn konsantman Chapèl Sen Pyè ak Chapèl Piton, Nouvo
Pawas Fondwa a ap limite ak Chapèl Lakrèt ( Seksyon Kominal Sitwonye), ak Chapèl Piton ( limit Tonmgato / Piton), ak Chapèl Sen Pyè ( Seksyon Kominal Kòmye) e ak Chapèl Sen Jan Bosko ( Ka Lavach, Pawas Twen)
6) Sijesyon Dat Pou Inogirasyon Nouvo Pawas Fondwa a
N ap pwopoze Pè Obla yo swa Lendi 26 Mas oubyen Vandredi 30 Mas kòm dat pou inogirasyon Pawas la. Mès la kab selebre a 9 :00 a.m. N ap tann repons Pè Obla yo anvan nou ofisyalize dat la.
7) Kloti Reyinyon an : Mgr. Miot te klotire rankont lan ak yon lapriyè e ak yon
chante Manyifikat . Apre sa tout Patisipan yo te al manje ansanm.
Nou di tout Patisipan yo yon gwo mèsi.
|
Pou Komite Kreyasyon Nouvo Pawas Fondwa a,
P. Joseph B. Philippe, CSSP
For Contact:
Fr. Real Corriveau, OMI
Email:realomi@hotmail.com
Tel: (509) 461 0648
661 5933
|
|
Read More...
|
|